
Pou lane 2021 an Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) deside komemore jounen sila anba tèm « Lang kreyòl tout kote, san fòskote».
Listwa rapòte se depi 1983, dat 28 oktòb lan tanmen kòl pou selebre bèl lang sila ak tout sa ki fè pati de kilti kreyòl la.
Peyi Dayiti pa pou kont li nan zafè Lang kreyòl . Nou jwen plizyè peyi nan karayib la ki yo menm tou pale lang sila.